Accessibility links

Breaking News

Malgre Instagram ak Facebook Bay Paran Plis Kontwòl, Men Toujou Gen Anpil Kritik Kap di Sa Pa ase


FILES-US-MARKETING-WIRELESS-ADVERTISING-INTERNET
FILES-US-MARKETING-WIRELESS-ADVERTISING-INTERNET

Instagram ak Facebook ap ajoute nouvo zouti sipèvizyon pou ede paran yo kwontrole aktivite timoun yo sou platfòm sa yo, men gen anpil kritik ki di etap sa yo ke Meta pran yo pa ase.

Rezon ki fè gen tout kritik sa yo se paske anpil nan nouvo baryè yo ap la sèlman si adolesan yo ak paran yo dakò pou yo patisipe nan sèvis sa yo.

Instagram, pou egzanp, kounye a pral enfòme timoun nan apre yo fin bloke yon moun, epi yo pral ankouraje adolesan an pou li bay paran li pèmisyon pou "sipèvize" kont yo.

Lide a se fè timoun yo angaje paran yo nan moman kote yo ta ka plis dakò pou paran yo gide yo.

Chanjman sa yo vini pandan gen plis rechèch ki ap fèt sou jan platfòm medya sosyal yo afekte sante mantal adolesan yo.

XS
SM
MD
LG