Accessibility links

Breaking News

Somè Paris: Sekretè Trezò Ameriken Yellen deklare Etazini ak Lachin gen Responsablite pou yo Travay Ansanm


Congress Yellen
Congress Yellen

Mond lan espere ke Etazini ak Lachin pwal travay ansanm kòm 2 pi gwo ekonomi yo, se Sekretè Trezò Ameriken Janet Yellen ki fè deklarasyon sa vandredi 23 Jen nan yon somè ki te fèt nan Pari pou chache soulaje dèt peyi pòv yo e debloke finans pou ede yo fè fas ak chanjman klima a.

An 2021, peyi rich yo te dakò pou yo pran kèk lajan nan Fon Monetè Entènasyonal (FMI) ki te dwe al jwenn peyi pòv-yo men ki pa te sèvi, e distribye yo bay peyi ki nan bezwen yo.

Plan an se te dispoze $100 milya dola ki nan SDRS, retounen lajan sa a bay FMI kote peyi pòv yo kapab prete nan to enterè ki ba.­­­­

XS
SM
MD
LG