Accessibility links

Breaking News

Peyi Inyon Ewopeyen yo Antann yo sou yon Nouvo Seri Sanksyon kont Larisi


Britain Ukraine Conference
Britain Ukraine Conference

BRUSSELS (AP) — Peyi Inyon Ewopeyen yo antann yo sou yon nouvo seri sanksyon kont Larisi pou lagè li ap mennen kont Ikrèn nan.

Sanksyon sa yo gen mezi pou kontrekare Ris yo ki ap eseye pase akote sanksyon yo.

Inyon Ewopeyen an te deja enpoze 10 seri sanksyon sou Larisi depi apre Prezidan Vladimir Putin te bay lòd pou fòs li yo antre Ikrèn nan dat 24 fevriye 2022.

Gen bank, konpayi ak mache ki anba sanksyon yo – e menm kèk pati sansib nan sektè enèji a.

Sankyon sa yo vize plis pase 1,000 otorite, kote Inyon an ap jele byen yo ak mete entèdiksyon sou vwayaj yo.

Anpil travay ki fèt nan dènye seri sanksyon yo sete pou bouche tout twou vid kote Ris yo te ka pase pou pase akote sanksyon yo an pasan pa nasyon ki fè komès ak Inyon Ewopeyen an e ki kenbe relasyon nòmal ak Moskou.

XS
SM
MD
LG