Accessibility links

Breaking News

Ansyen-Premye Minis Italyen Silvio Berlusconi Mouri


Foto Achiv: Ansyen Premye Minis Italyen Silvio Berlusconi nan Rom, 9 Fevriye 2021.

Silvio Berlusconi, yon milyadè ki te renmen fè gwo chèlbè mouri a laj 86 zan.

Berlusconi se premye minis ki pase plis tan sou pouvwa a nan peyi Itali, malgre skandal ak akizasyon koripsyon ak chantaj ki te trakase karyè l.

Rezo televizyon Mediaset li a anonse lanmò li Lendi.

Pou admiratè li yo, Berlusconi, ki te fè 3 manda kòm premye minis te kapab e karismatik.

Yo di li te mete Itali pi wo sou sèn politik global la.

Pou kritik yo, misye te yon popilis ki te menase mennen demokrasi peyi a, akòz li te sèvi ak pouvwa politik li pou anrichi tèt li ak biznis li yo.

Pati politik konsèvatè Forza Italia a ke li te fonde nan ane 90 yo pèdi anpil lajan apre lòt pati zèl dwat la te vinn pi popilè pase l.

Forza Italia te youn nan patnè kowlisyon premye minis aktyèl la, Giorgia Meloni.

XS
SM
MD
LG