Accessibility links

Breaking News

Atak Dronn Nan Fwontyè Larisi Ak Ikrèn


우크라이나 접경 러시아 벨고로드시에서 4월 20일 발생한 폭발로 부서진 차들이 거리에 방치돼 있다. (자료사진)
우크라이나 접경 러시아 벨고로드시에서 4월 20일 발생한 폭발로 부서진 차들이 거리에 방치돼 있다. (자료사진)

Yon otorite ris fè konnen jodi mèkredi a rejyon arebò fwontyè LaRisi ak Ikrèn nan te anba atak dronn pandan lanwit yè swa a.

Gouvènè rejyon Belgorod, ki se Vyacheslav Gladkov, di sou Telegram ke dega fèt nan bilding ki gen biwo administrasyon ak bilding rezidansyèl, men ke pa gen moun ki blese.

Gladkov fè konnen fòs defans aeryen ris desann pifò dronn yo. Atak la fèt yon jou apre LaRisi te di li bloke atak atè ki te soti pa lòt bò fwontyè nan menm zòn nan.

LaRisi di se travay sabotè militè ikrenyen, pandan Ikrèn sèlman di ke se yon revòlt patizan ris kont Kremlen an.

Minis Defans ris Sergei Shoigu di ke LaRisi ap reyaji « rapid e ak fòs » kont lòt atak ki ta fèt sou teritwa ris.

Yon lòt kote, lame Ikrèn nan di jodi mèkredi a batay te konsantre nan Bakhmut ak Marinka, e ke gen anpil posiblite ke fòs ris atake Ikrèn ak misil e ak frap aeryen.

XS
SM
MD
LG