Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ris la nan Peken pou Fè Chita Pale ak Xi


Russian PM
Russian PM

Premye Minis Chinwa Li Qiang akeyi Premye Minis Ris, Mikhail Mishustin, ki rive nan Peken kote li pral rankontre ak Prezidan Xi Jinping pou diskite sou plizyè seri kontra sou enfrastrikti ak ekonomi.

Nan dènye ane sa yo, 2 peyi yo vin gen plis koperasyon ekonomik antre yo, e relasyon yo vin pi sere depi apre Moskou te deside envayi Ikrèn, malgre Peken ensiste pou di li pa pran pou okenn pati nan konfli a.

Kèk analis di se Lachin ki gen plis enfliyans pou pale ak Larisi, e ke Lachin vin pi pwòch ak Larisi toutotan Lwès la ap leve kont Moskou.

An Fevriye, Peken te pibliye yon papye ki te mande yon "antant politik" nan konfli Ikrèn lan, men peyi nan loksidan yo te di ke antant la ta pèmèt Larisi kenbe anpil nan teritwa li te sezi yo.

Pandan somè ke yo te gen nan mwa Mas la nan Moskou, Xi te envite Putin pou vizite Peken.

XS
SM
MD
LG