Accessibility links

Breaking News

Rafael Nadal Pral Rate Open Franse a Akoz yon Blesi


Rafael Nadal pandan yon konferans pou lapres nan peyi Espay, 18 Me 2023.
Rafael Nadal pandan yon konferans pou lapres nan peyi Espay, 18 Me 2023.

Rafael Nadal rale ko li soti nan tounwa Open Franse a akoz yon blesi nan hanch ki poko ka geri e ki lakoz li oblije repoze depi mwad Janvye a. Misye di li atann ni aske ane 2024 la reprezante dènye ane li sou sikui tenis la.

Natal ranpote 14 chanpyona deja ki se yon reko pou tounwa Gran Chelèm nan ki jwe sou teren batu. Se va premye fwa lap rate tounwa a depi ane 2005.

Nadal anonse nouvèl la pandan yon konferans pou laprès nan akademi tenis li nan vil Manacor, Espay.

Nadal, ki gen 36 zan, gen yon palmarès 112 vikwa ak 3 defèt. Li jwe tounwa Roland Garos la 18 fwa e li te ranpote li ane pase a.

Nadal egal ego ak Novak Djokovic anski konsène kantite chanpyona Gran Chelèm yo ranpote - ki se 22.

XS
SM
MD
LG