Accessibility links

Breaking News

Yon Moun Peye 2.2 Milyon Dola pou Yon Pè Tenis Basket Michael Jordan te Konn Mete pou li Jwe


FILES-LIFESTYLE-US-AUCTION-BASKETBALL-NBA
FILES-LIFESTYLE-US-AUCTION-BASKETBALL-NBA

Yon moun achte yon pè tenis ke lejand baskètbòl Michael Jordan te mete nan yon match final Chicago Bulls an 1998, e achtè a te leve men pou peye $ 2.2 milyon dola nan yon vant ozanchè.

Pè tenis sa vin fè pati "soulye espò ki pi chè ke yo janm vann," dapre deklarasyon Sotheby's ki te anchaje pou lavant sa.

Konpayi an te jwenn yon sèl òf 1.8 milyon dola pou tenis la pou kòmanse, nan vant ozanchè a ki te tanmen 3 Avril.

Moun ki leve mayòl la e pran tenis la peye, apre tout frè, pri total la ki rive nan $2,238,000.

Tenis Air Jordan XIII, ke jwè a siyen, se souvni dènye match Michael Jordan te jwe an 1998 kont ekip Utah Jazz.

XS
SM
MD
LG