Accessibility links

Breaking News

Naomi Osaka, Anonse li Ansent e lap Rekòmanse Jwe Tenis an 2024


Japonez-Ayisyen Naomi Osaka pandan match li nan tounwa Open Ostralyen an nan vil Melbourne, Ostrali, Jedi 18 Fevriye, 2021.
Japonez-Ayisyen Naomi Osaka pandan match li nan tounwa Open Ostralyen an nan vil Melbourne, Ostrali, Jedi 18 Fevriye, 2021.

Naomi Osaka ansent e li gen entansyon retounen jwe nan konpetisyon tenis an 2024.

Vedèt Ayisyèn Japonèz la anonse nouvèl la Mèkredi. Ansyen nimewo un tenis mondyal feminen an pibliye sa li dekri tankou yon "ti nouvèl sou lavi an 2023" sou rezo sosyal yo ansanm ak yon imaj ultrasonè.

Osaka gen 25 an e lap soti ak Cordae, yon rapè depi plizyè ane.

Naomi di: "mwen konnen gen anpil bèl bagay kap tann mwen nan lavni. Yon bagay mwen pral kontan fè se mennen pitit mwen nan match mwen yo epi tande li di 'sa se manmanm'."

Osaka pa jwe nan oken konpetisyon depi mwad Septanm nan, e li te rale ko li soti nan Open Ostralyen an ki sipoze tanmen Dimanch. Osaka ranpote tounwa sa a 2 fwa deja, ansanm ak 2 chanpyona Open Ameriken an.

XS
SM
MD
LG