Accessibility links

Breaking News

Chef LONU Dekri Sityasyon Ayiti Kòm 'Trajik'


Premye Minis Jamayiken an Andrew Holness ak Sekrete-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres poze pou yon foto nan Kingston, Jamayik, 15 Me 2023.
Premye Minis Jamayiken an Andrew Holness ak Sekrete-Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres poze pou yon foto nan Kingston, Jamayik, 15 Me 2023.

Sekretè Jeneral Nasyonzuni Antonio Guterres, ki ap milite depi plizyè mwa pou voye yon fos entènasyonal an Ayiti pou ede peyi a konbat gang yo, deplore Lendi "retisans" peyi Oksidantal yo pou yo pran lidèship yon fos entèvansyon konsa.

" Nou diskite sou sityasyon Ayiti. Ayiti nan yon sityasyon trajik. Ou gen gwo bezwen imanitè ou gen yon sistèm politik ki paralize e ou gen yon nivo vyolans gang yo ki epouvantab."

Chèf LONU Dekri Sityasyon Ayiti Kòm 'Trajik'
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:50 0:00

Guterres te fè deklarasyon an pandan yon konferans pou laprès nan vil Kingston, Kapital La Jamayik, kote lite fè chita tande ak Premye Minis peyi a, Andrew Holness.

"Vreman vre, genyen yon retisans bo kote peyi ki gen yon pi gwo kapasite pou mennen yon operasyon konsa. Mwen ta di yon entvansyon paske li gen pou wè sitou sou yon operasyon lapolis."

Chèf LONU an te reponn kestyon laprès lokal poze sou absans "jefo siyifikatif peyi tankou Etazini, Kanada ak La Frans pou kolabore ak Karikom nan sou yon entèvansyon an Ayiti.

"Mwen o kouran de vizit ki fet an Ayiti deja e mwen o kouran de yon nouvo vizit nap planifye. Gen pesonalite enpotan ki an chaj de pwosesis dialog sa a. Mwen vle eksprime sipo total kapital mwen pou inisyativ Jamayik ak Karikom ap fe epi reitere pou kominote entenasyonal la ke yon solidarite efikas ak Ayiti se pa selman yon kestyon de jenerozite vizavi Ayiti men se yon bagay ki nan entere nou tou.

"Paske sityasyon Ayiti a reprezante yon menas pou sekirite rejyon an."

Dapre Guterres, pi bon fason pou elimine retisans la se pou Ayiti mete sou pye yon pwosesis politik kredib.

Guterres sigjere ke oganizasyon eleksyon lejislatif ak prezidansyèl an Ayiti taka ede nan sans sa a.

Sepandan oken eleksyon pa dewoule an Ayiti depi 2016. Premye Minis Ariel Henry te nomen nan pos li 48 hè sèlman anvan asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Juiyè 2021. Gen moun ki konteste lejitimite li. Ekspè yo estime pou rezon sa a li enposib pou oganize eleksyon an Ayiti.

Lendi pase a, Konsèy Sekirite LONU te di li gen "gwo enkyetid" pa rapo ak deteryorasyon sekirite a an Ayiti. Li repete tou apèl Guterres te lanse pou voye yon fos ame espsyalize entènasyonal ki pa yon fos LONU pou ede polis nasyonal Ayiti retabli lod.

Gen plis pase 6 mwa ki pase depi Henry te mande Guterres asistans yon fos etranje.

An Avil, nouvo emisè LONU pou Ayiti, Maria Isabel Salvador te estime ke lè a rive pou LONU konsidere yon fos ki ta gen polisye ladann olye milite pou enteveni an Ayiti.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Agence France Presse

XS
SM
MD
LG