Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal nan Kenya Refize Lage sou Kosyon Paul Mackenzie ki Enplike nan Lanmò Plizyè Fidèl li


Paul Mackenzie, a Kenyan cult leader accused of ordering his followers of the members of the Good News International Church to starve themselves to death in Shakahola forest, appears at Malindi Law Courts, in Malindi, May 2, 2023.
Paul Mackenzie, a Kenyan cult leader accused of ordering his followers of the members of the Good News International Church to starve themselves to death in Shakahola forest, appears at Malindi Law Courts, in Malindi, May 2, 2023.

Yon tribinal nan Kenya refize lage pastè Paul Mackenzie sou kosyon.

Yo akize l kòmkwa li te bay disip li yo lòd pou yo jene jiskake yo mouri.

Yo te jwenn plis pase yon santèn kadav sou teren legliz la.

Mèkredi 10 Me a tribinal la, nan yon odyans ki te fèt nan vil Mombasa, deside kenbe pastè a nan detansyon pwovizwa pou 30 jou ankò.

Jij Yusuf Shikanda di ke yo pa lage li akoz yo pè pou liberasyon li pa mete an danje ankèt ki ap fèt sou li.

Yon avoka ki ap defann Mackenzie ak madanm li – madan pastè a tou jwenn arestasyon li nan dosye sa – deklare desizyon an vyole dwa ke konstitisyon an bay kliyan li yo.

"Nou santi ke desizyon an pa apwopriye, ke li enkonstitisyonèl, e se poutèt sa nou gen entansyon fè apèl kont li, nan tribinal dezyèm entans la."

Yon lòt avoka pou Mackenzie di ke kliyan li yo te kolabore ak anketè yo.

Pandanstan, otorite yo ap fè rechèch toujou pou jwenn lòt kadav ki ta epapiye nan forè kote fidèl Mackenzie yo t ap viv la.

XS
SM
MD
LG