Accessibility links

Breaking News

Kenya: Lapolis Konfime Yo Jwenn An Total 73 Kadav Ki Te Antere Sou Teren Kay Pastè Paul Makenzi


Kenya Cult Deaths
Kenya Cult Deaths

Lapolis nan Kenya detere an tou 73 kadav nan lakou kay pastè Paul Mackenzi, e disip sa yo te kwè yo ta ale nan syèl la si yo te mouri grangou, dapre sa yon otorite lapolis di nan Lendi.

Kantite moun ki mouri yo ogmante toutotan moun ap detere kadav, e gen posibilite pou chif sa kontiye moute plis toujou.

Lakwa Wouj nan Kenya tabli nan lopital lokal yo biwo pou konte moun ki disparèt, e biwo sa yo resevwa rapò sou 112 moun ke yo pa jwenn.

Otorite yo te fouke pastè Paul Mackenzie vandredi 14 avril 2023 paske li te mande disip li yo pou yo jene jiskake yo mouri, apre kèk moun te soufle otorite yo ke misye ta antere nan lakou lakay li kadav omwen 31 fidèl li.

Fidèl nan gwoup ki rele tèt li “Legliz Entènasyonal Bòn Nouvèl” te rete nan plizyè lakou izole sou 320 Ekta tè nan forè Shakahola.

Direksyon Envestigasyon Kriminèl nan Kenya di sou Twitter ke jiskaprezan yo rive sove 33 moun.

XS
SM
MD
LG