Accessibility links

Breaking News

Pastè nan Kenya ki te Jwenn Arestasyon l apre yo te Jwenn Kadav 100 Fidèl Antere Nan Lakou Lakay li Parèt Devan Tribinal


KENYA-CULT-CRIME
KENYA-CULT-CRIME

Yon pastè nan peyi Kenya ki te jwenn akizasyon kòmkwa li responsab pou lanmò omwen 100 fidèl li apre li te mande pou yo jene jiskake yo mouri, te parèt devan tribinal madi 2 me 2023 a, pandan ke envestigatè yo toujou ap chèche plis kadav nan yon forè kote li konn fè sèvis kilt yo nan Kenya.

Otorite yo fè konnen yo deja detere 101 kadav nan forè a.

Otorite Kenya yo di moun ki mouri yo se manm Legliz Entènasyonal Bon Nouvèl ke Paul Mackenzie, ki gen 50 an, tap dirije, kote li te di fidel yo mond lan ta pral fini 15 Avril pase a e li te bay yo lòd touye tèt yo pou yo kapab premye moun ki ale nan syèl la.

Kantite moun otorite yo kwè ki mouri rive nan109 – men se 101 kadav yo jwenn pou kounya.

Yo te jwenn kadav timoun sitou anba tè a, e yo te jwenn nan lakou a 8 moun vivan ki te mouri pita.

Ministè enteryè Kenya a fè konnen gen plis pase 400 moun ki disparèt e ke yap chèche.

Mackenzie, ki anba men lapolis, pa te fè okenn kòmantè piblikman sou akizasyon ke lajitis gen kont li yo.

2 avoka ki ap reprezante li yo refize fè kòmantè sou dosye a.

Yon anketè ki enplike nan ka a, ki pa t vle yo idantifye l, di ajans nouvèl Reuters ke Mackenzie demanti ke li te bay disip li yo lòd pou yo jene jouk yo mouri.

Medya Kenya yo rapòte ke tribinal la nan Malindi te transfere ka a nan Mombasa.

Chèf medsen lejis gouvènman an te di Lendi ke jiskaprezan yo te fè 10 otopsi, sou kò yon granmoun ak nèf timoun.

Pifò otopsi yo revele yo te mouri ak grangou, pandan ke de timoun te montre siy ke yo te mouri toufe.

Fanmi moun ki disparèt yo te kontinye rasanble nan Malindi nan espwa pou yo jwenn yon repons.

XS
SM
MD
LG