Accessibility links

Breaking News

Kenya : Otorite yo Mete yon Dezyèm Pastè Anba Kòd pou Lanmò yon pakèt Fidèl li

Detectives escort Ezekiel Ombok Odero, head of New Life Prayer Centre/Church in Kilifi County, at the police headquarters for investigations into deaths linked to another Christian cult, in Mombassa, Kenya, April 27, 2023.

Lidè yon legliz nan lès peyi Kenya jwenn arestasyon li akoz lanmò anpil manm legliz li, e otorite yo evakye 100 fidèl li ki te nan lokal legliz la, dapre sa otorite gouvènman yo di jedi 27 avril la.

Maten an, nou arete Pastè Ezekiel Ombok Odero nan Legliz Nouvo Sant Priyè a nan Mavueni nan awondisman Kilifi akoz moun ki swadizan ta mouri nan lokal li a.

Komisè Rejyonal Kot la Rhoda Onyancha di "Nou pran aksyon legal epi nou fèmen sant priyè a".

Arestasyon Odero ak fèmti legliz li a se pa menm ak dosye Legliz Entènasyonal Bon Nouvèl la, kote otorite yo te jwenn anpil kadav nan lakou kay pastè a apre li te mande fidèl yo jene jouk yo mouri.

Otorite yo te jwenn kadav 98 fidèl òganizasyon sa a nan jou ki sot pase yo.

XS
SM
MD
LG