Accessibility links

Breaking News

Minis Finans G7 yo Pwomèt pou Apiye Ikrèn


Foto Achiv: Sekrete Trezo Etazini Janet Yellen.
Foto Achiv: Sekrete Trezo Etazini Janet Yellen.

Minis finans Gwoup 7 pi gwo peyi endustriyalize nan mond lan ap diskite sou fason yo ka apiye Ikrèn epi mete presyon sou Larisi pou sispann lagè a. Minis yo reyuni nan peyi Japon.

Sekretè Trezo Etazini, Janet Yellen deklare G7 la "kanpe ak Ikrèn toutotan li nesesè" pou mete fen nan konfli a.

Lagè a ak konsekans li sou ekonomi global la, kriz dèt peyi sou devlope yo ak hing-hang nan Washington sou kestyon dèt nasyonal la se kestyon pi enpotan kap diskite nan vil Niigata, ki sitye bo lanmè.

Yellen di si Etazini pa jwenn mwayen pou ogmante limit dèt li se ta yon katastwof ak yon bagay enkwayab.

Rankont minis finans yo ak gouvènè bank santral yo ap dewoule kom preparasyon pou rankont o somè G7 la nan vil Hiroshima.

XS
SM
MD
LG