Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini Joe Biden Ap Chache Kalme Mache Finansye Mondyal la

Senate Minority Leader Mitch McConnell, left, Speaker of the House Kevin McCarthy, second from left, and Senate Majority Leader Senator Chuck Schumer, right, listen to U.S. President Joe Biden in the White House in Washington, May 9, 2023.

Prezidan Etazini Joe Biden te chache kalme mache finansye mondyal la devan enpas sou limit dèt peyi a kèk semèn anvan nasyon an riske paka reponn obligasyon finansye li pou premye fwa nan listwa.

Biden te rankontre, madi apremidi, ak Repibliken Kevin McCarthy ki se lidè Chanm Depite a, ak Lidè Minorite nan Sena a, Mitch McConnell, ansanm ak Lidè Majorite nan Sena a, Chuck Schumer, nan yon efò pou asire ke gouvènman an ka prete plis lajan pou reponn depans li deja anchaje.

“Nou pwal koumanse travay e rezoud tout pwoblèm mond la,” se pawòl Biden lè li te tanmen reyinyon an nan Biwo Oval Mezon Blanch la.

XS
SM
MD
LG