Accessibility links

Breaking News

Etazini retounen 2 Pyès Antikite ke Piyajè te Vòlè an Chin


Supreme Court Abortion Pill
Supreme Court Abortion Pill

Etazini retounen 2 pyès antikite ke piyajè te vòlè an Chin, e se dènye nan yon vag rapatriman pyès konsa ke piyajè te pran nan plis pase yon douzèn peyi, se sa otorite nan New York rapòte madi.

Ekskilpti yo ki fèt nan wòch, ki gen kounyea yon valè 3 milyon 500-mil dola, vòlè te pran yo nan yon tonm nan koumansman ane 1990 yo e fè yo kite LaChin nan kontrebann, se sa Komisè Gouvènman New York nan Manhattan, Alvin Bragg, di nan yon kominike.

Eskilpti yo te pami 89 pyès antikite ki soti nan 10 peyi, e ke Shelby White, yon koleksyonè pyès dar prive nan New te achte.

Depi 1998, Mize Ar Metwopoliten te prete yo nan men moun ki te achte yo, jiskaske biwo Komisè Gouvènman an te sezi yo ane sa a apre yon ankèt kriminèl.

XS
SM
MD
LG