Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Minis Afè Etranjè Fransè a Deklare Lachin dwe fè Larisi konprann ke li "nan yon enpas".


کاترین کولونا، وزیر امور خارجه فرانسه
کاترین کولونا، وزیر امور خارجه فرانسه

Minis afè etranjè fransè Catherine Colonna mande Lachin Mèkredi pou sèvi ak "relasyon li ak Larisi" pou "fè li konprann ke li nan yon enpas" nan Ikrèn, se konsa li te pale nan Konsèy Minis yo, kote tokay Alman li Annalena Baerbock te prezan.

Plis pase 14 mwa apre envazyon Ris yo nan Ikrèn, Madam Colonna di "Li nesesè pou Lachin sèvi ak relasyon li ak Larisi pou fè Moskou konprann pi byen ke li nan yon enpas epi mande l pou l repran bon sans li e pèmèt lapè retounen nan Ikrèn, olye li kontinye lagè a",

XS
SM
MD
LG