Accessibility links

Breaking News

Trump Pral Parèt nan yon Rankont 'Town Hall' Rezo CNN Mekredi


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pran la pawol nan konvansyon Asosyasyon Nasyonal Zam a Fe a nan vil Indianapolis, 14 Avril, 2023.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pran la pawol nan konvansyon Asosyasyon Nasyonal Zam a Fe a nan vil Indianapolis, 14 Avril, 2023.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pral re-paret sou antèn televizyon CNN Mèkredi a l'okazyon yon rankont "town hall" nan eta New Hampshire, yon jou sèlman apre yon juri sivil te jwenn ni koupab de atak seksyèl kont yon jounalis sa gen prèske 30 an desa.

Evenman Mèkredi a, ke CNN te anonse semèn pase a te sipoze notab paske li tap mete ansanm yon rezo televizyon ak yon kandida Repibliken ki gen abitid twoke konn yo.

Sepandan evenman an te vinn pran yon anplè ki pi laj apre ke manm yon juri nan Nouyok te jwenn Trump koupab de abi seksyèl ak difamasyon E. Jean Carroll.

Juri a rejte deklarasyon Carroll te fè pou di Trump vyole li.

Juri a akode Carroll $5 milyon dedomajman.

Trump demanti akizasyon Carroll yo.

XS
SM
MD
LG