Accessibility links

Breaking News

Yon Jiri Jwenn Donald Trump te Vyole Jounalis E. Jean Carroll nan Ane 90 yo


E. Jean Carroll kite tribinal federal Manhattan nan apre juri a jwenn ex-Prezidan Donald Trump te vyole mamzel nan yon pwose sivil nan Nouyok, 8 Me 2023.
E. Jean Carroll kite tribinal federal Manhattan nan apre juri a jwenn ex-Prezidan Donald Trump te vyole mamzel nan yon pwose sivil nan Nouyok, 8 Me 2023.

Yon Jiri nan Nouyòk jwenn Donald Trump te vyole jounalis E. Jean Carroll nan ane 1990 yo epi apre sa lage vèni sou li. Jiri a pwononse desizyon li Madi, ki se yon gwo kou pou ansyen prezidan Etazini an, nan moman an lap eseye re-elu Prezidan an 2024.

Tout 9 manm jiri a nan tribinal federal Manhattan nan akòde madan Carroll $5 milyon dedomajman.

Jiri a te delibere pandan mwenske 3 zè'd tan. Yo vore jete demanti Trump ke te di li pat vyole Carroll epi pran yon desizyon an favè viktim nan. Tout manm jiri a, ki te gen 6 gason ak 3 fanm ladann te dakò sou vèdik la.

Carroll, ki gen 79 ane, te temwaye nan pwosè sivil la ke Trump, ki gen 76 zan te vyole li nan chanm eseyaj magazen deluks Bergdorf Goodman nan Manhattan nan lane 1995 ou 1996 epi apre sa lage vèni sou li nan yon mesaj li te pibliye sou rezo "Truth Social" la nan mwa Oktòb 2022 kote l te di li se yon "mantez".

Trump te prezidan ant 2017 ak 2021 e li pran devan nan sondaj ki fèt sou kiyès ki gen plis chans pou ranpòte nominasyon pou plas prezidans pati Repibliken an.

Ekspè yo di pa gen anpil chans pou desizyon jiri a nan pwosè sivil la gen anpil enpak sou patizan Trump yo, ki konsidere pwoblèm legal li yo tankou yon pati nan jefò opozisyon an ap fè pou taye zèb anba pye l.

XS
SM
MD
LG