Accessibility links

Breaking News

Grand Bretay ap Pare pou Kouwònman Wa Charles 3


Britain Coronation Preparations
Britain Coronation Preparations

Grand Bretay ap pare pou kouwònman Wa Charles 3, ki dwe dewoule samdi. Dè douzèn lidè mondyal ak chef deta gen envitasyon pou asiste evènman istorik la, pandan dè milyon moun ka gade li nan televizyon.

Seremoni an pwal dewoule nan Abe Westminster a nan vil Lond, kote fineray manman li Rèn Elizabeth 2, te dewoule an Septanm ane pase apre li te mouri ak 96 lane sou tèt li.

Justin Welby, ki se Achevèk Canterbury, pwal dirije sèvis kouwònman an ki ap dire 2 zèdtan. Yon chanjman nan yon tradisyon ki la depi dè syèk, achevèk la pwal mande moun ki ap prezan nan sèvis la ak dè milyon lòt ki ap gade nan televizyon an pou yo di byen fò sèman pou yo sipòte Wa Charles, e pawòl la se: “Mwen sèmante ke mwen pwal bay tout sipò m pou Majeste w, e pou eritye w ak moun ki pwal ranplase w dapre lalwa. Kidonk Bondye, ede m.”

Pou premye fwa, sèvis la pwal gen tou evèk fanm ak lidè lòt relijyon. Se pwal yon seremoni djak sou djak ekstwòdinè. Charles ak Madanm li, Rèn Konsò Camilla, pwal vwayaje nan kawòs pou ale nan sèvis la.

XS
SM
MD
LG