Accessibility links

Breaking News

Zelenskyy Rete Kwè ke Putin pral fè fas ak Lajistis Lè Ikrèn Genyen Lagè a


Netherlands Ukraine Zelenskyy
Netherlands Ukraine Zelenskyy

LA HAGA, Netherlands (AP) — Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy di Prezidan Ris la Vladimir Putin pral fè fas a yon tribinal entènasyonal pou krim lagè lè Ikrèn genyen lagè a.

Li fè deklarasyon sa a pandan yon vizit li nan Tribinal Kriminèl Entènasyonal la, menm tribinal sa ki te mete yon manda arestasyon pou Prezidan Putin.

Vizit Zelenskyy nan Hè a, nan peyi Oland, fèt yon jou apre li te demanti ke fòs Ikrenyen yo te responsab atak dronn ki te fèt sou Kremlin an, ke Moskou konsidere kòm yon tantativ assasinay sou Putin.

Zelenskyy di repòtè yo nan Mèkredi ke Ikrèn "pa te atake Putin. Nou kite travay sa pou tribinal la."

Kesyon pou Putin al jije nan La Hè a se yon bagay ki lwen reyalite a, paske tribinal la pa gen yon fòs polis ki kapab egzekite manda arrestasyon ke yo mete dèyè prezidan Ris la, e pa gen anpil chans ke li pwal vwayaje nan 123 peyi manm CPI a yo.

XS
SM
MD
LG