Accessibility links

Breaking News

Iran Sezi yon Bato Petwolye ki Gen Drapo Peyi Panama


Persian Gulf Tensions
Persian Gulf Tensions

Iran sezi yon bato petwolye ki gen drapo peyi Panama nan Detwa Hormuz la mèkredi, 2èm sezi konsa ke Teheran fè nan jou ki pase yo, dapre nouvèl ki soti nan Lamarin Etazini, ki rele ann angle U.S. Navy.

5èm Flòt Lamarin Etazini an ki baze nan Mwayenn Oryan an te idantifye bato a kòm Niovi. Li di se gwoup paramilitè Gad Revolisyonè Iran a ki sezi li.

Lamarin Etazini pibliye foto yon douzèn bato Gad Revolisyonè a ki ansèkle tankè a. Bato sa yo te “fose tankè petwòl la retounen sou wout li e mete tèt pou dlo teritwa Iran sou bò kot Bandar Abbas, nan Iran, » se sa Lamarin nan di.

5èm Flòt la di nan yon kominike ke aksyon Iran yo pa respekte lalwa entènasyonal e ap twouble sekirite ak estabilite rejyon an.

Iran pa te admèt touswit ke li te sezi bato gaz la.

XS
SM
MD
LG