Accessibility links

Breaking News

Lapolis nan Texas Rive Arete Nonm sa ki te nan Mawon Apre li te Fizye 5 Vwazen li


Texas Mass Shooting
Texas Mass Shooting

CLEVELAND, Texas (AP) — Otorite nan Texas yo di nonm yo akize kòmkwa li te louvri kout zam kay vwazen li yo nan Texas e fizye 5 nan yo jwenn arestasyon apre otorite yo te mete yon koukouwouj dèyè li, e yo rive mete misye anba kòd sou 4 jou.

Cherif Konte Montgomery, Rand Henderson, konfime Madi, ke Francisco Oropeza ki gen 38-zan nan prizon.

Lachas ki te fèt pou fouke Oropeza te kòmanse vandredi apre otorite yo te rive nan lye fiziyad la nan bouk Cleveland ki nan anviwon 72 kilomèt ak pati nò Houston.

Oropeza t ap pratike tire zam nan lakou lakay li. Fiziyad la te fèt apre youn nan vwazen li yo te mande li sispann tire nan mitan lannwit, e li te fache e li fizye 5 nan yo lakay yo.

Tout moun ki pèdi lavi yo nan tire a se migran ki soti Ondiras.

XS
SM
MD
LG