Accessibility links

Breaking News

Batay feròs ap Kontinye nan Rejyon Donetsk La


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Pou 2èm fwa nan yon semèn, LaRisi lanse yon vag frap aeryen ki frape anpil kote nan Ikrèn, kote li tire 18 misil ki touye 2 moun.

Pandan lannnwit la, Larisi te vize vil Pavlohrad kote plizyè chemenn fè rankontre, e apa de 2 moun ki mouri yo, gen 40 lòt ki blese, pami yo plizyè timoun, dapre sa Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy di madi.

Nan yon konferans pou laprès, Mezon Blanch di kounye a li estime ke depi Desanm Larisi sibi omwen 100,000 viktim nan kan li, pami yo plis pase 20,000 ki pèdi lavi yo nan lagè li ap fè nan Ikrèn nan.

Batay feròs ap kontinye nan rejyon Donetsk ki nan lès peyi a, kote Larisi ap batay pou ansèkle vil Bakhmut pandan Ris yo ap fè fas ak fòs defans Ikrèn.

Pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch, John Kirby, di estimasyon sa yo baze sou ransèyman ke Ameriken fèk wete nan kategori dokiman sekrè.

Li pa bay okenn eksplikasyon sou ki kalkil ke kominote ransèyman an fè pou jwenn chif sa yo.

XS
SM
MD
LG