Accessibility links

Breaking News

Paragwe: Santiago Peña, Kandida yon Pati Konsèvatè, Eli Prezidan


Paraguay Elections
Paraguay Elections

Santiago Peña, kandida pati konsèvatè Kolorado a ki sou pouvwa depi 7 dizèn lane nan Paragwe, genyen eleksyon prezidansyèl dimanch la kont prensipal rival li, Efrain Alegre, dapre chif ke responsab eleksyon yo bay.

Tribinal elektoral la deklare Santiago Peña, yon ekonomis 44 an, ki se yon ansyen minis finans e yon pwòch ansyen prezidan Horacio Cartes (2013-2018), fè plis pase 42% vwa, pandan gen 27,5% vwa pou Msye Alegre.

Santiago Peña pral prete sèman nan mwa Out pou yon manda 5 ane kote li pral ranplase prezidan ki sou pouvwa a Mario Abdo Benitez.

XS
SM
MD
LG