Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rezidan nan Plizyè Katye Ame Tèt yo ak Manchèt, Boutèy ak Wòch Pou Goumen Ak Gang Yo


Haiti Gang Violence
Haiti Gang Violence

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Rezidan nan banlye ki tabli nan mòn yo nan kapital Ayiti a ame tèt yo ak manchèt, boutèy ak wòch epi yo ap goumen ak gang k ap chache antre kote yo ap viv la, apre yon foul moun ye bat epi boule 13 moun ke yo te sispèk kòm manm gang nan kòsmansman semèn nan.

Anpil sitwayen nan katye Canape Vert nan zòn Pòtoprens pase nwit la sou do kay yo epi fè patwouy nan antre kominote kote yo ap viv la, e yo te bloke antre katye yo ak gwo kamyon ki make “Aba gang.”

Jis kounye a, Canape Vert ak Turgeau pa gen aktivite vyolans gang takou sa ki ap detwi kapital la ak zòn alantou yo depi apre asasinay Prezidan Jovenel Moïse nan mwa jiyè 2021.

XS
SM
MD
LG