Accessibility links

Breaking News

Zelensky aksepte envitasyon pou li ale nan Somè LOTAN an ki ap fèt nan Vilnius


NATO Secretary-General Jens Stoltenberg visits in Kyiv
NATO Secretary-General Jens Stoltenberg visits in Kyiv

Chèf Òganizasyon Trete Nò Atlantik, Jens Stoltenberg, fè konnen Prezidan Ikrenyen an Zelensky aksepte envitasyon li pou ale nan somè Òganizasyon Trete Nò Atlantik la ap òganize nan mwa Jiyè nan Vilnius.

Stoltenberg te pale ak laprès pandan li te nan yon reyinyon nan baz Ameriken Ramstein nan peyi Almay pou diskite sou sipò yo pral kontinye bay Ikrèn.

Li ajoute ke "si Ikrèn pa tabli tèt li kòm yon nasyon souvren ak endepandan ann Ewòp, pa gen okenn rezon pou nou diskite sou kesyon pou l vin manm alyans la".

XS
SM
MD
LG