Accessibility links

Breaking News

CBC ap Sispann Tout Aktivite li sou Twitter Apre Rezo Sosyal la Mete li nan Kategori "Medya Gouvènman Finanse"


CBC Canada
CBC Canada

TORONTO (AP) — Canadian Broadcasting Corporation di ke li ap sispann tout aktivite li sou Twitter apre platfòm medya sosyal la te mete sou kont li yon etikèt ki klase li nan kategori ‘Medya ke gouvènman finanse’.

Dapre responsab CBC yo, etikèt sa kapab fè piblik la pa gen menm konfyans la nan travay li kòm medya.

Twitter make sou kont CBC/Radio-Canada "medya ke gouvènman finanse." Se menm etikèt sa tou ki te pouse Radyo Piblik Nasyonal Ozetazini kite Twitter Mèkredi pase.

CBC voye yon lèt bay Twitter pou mande konpayi an re-egzamine deziyasyon an.

XS
SM
MD
LG