Accessibility links

Breaking News

Musk Pral Rete Kòm Chèf Twitter Ann Atandan li Jwenn yon Ranplasan


Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.
Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.

Elon Musk deklare li pral rete kom PDG Twitter jiskaske li ka jwenn yon moun ki dakò pou ranplase li.

Musk fè anons sa a apre dè milyon itilizatè Twitter te mande li rache manyok li atravè yon sondaj ki pa syantifik ke milyadè a limenm te kreye epi pwomèt pou'l respekte rezilta yo.

Depi li pran kontwòl rezo sosyal la, ki baze nan San Francisco nan mwad Oktòb la, Musk pran desizyon antanke chèf brid sou kou epi apre sa li te oblije anile yo oubyen chanje yo apre yo te vinn piblik.

Gen anpil envestisè nan konpayi otomobil elektrik misye a Tesla tou, ki fache avèl an menm tan yo gen kè sote misye pase twòp tan ap travay sou Twitter.

XS
SM
MD
LG