Accessibility links

Breaking News

Soudan: Etazini Mande yon Sesel-Fe


SUDAN-CONFLICT-UNREST
SUDAN-CONFLICT-UNREST

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken pale ak lidè 2 gwoup ki ap batay yo nan Soudan e li ekzòte yo pou yo antann yo sou yon sesel-fe pandan bilan moun ki mouri yo prèske rive nan 200.

Depatman Deta pibliye yon kominike lendi swa kote li di Blinken te pale separeman ak Jeneral Abdel Fattah al-Burhan, ki se kòmandan fòs ame peyi a, ak Jeneral Mohamed Hamdan Dagalo, ki se lidè fòs pou Sipò Rapid yo.

Li ekzòte yo pou yo mete fen nan batay la pou pèmèt livrezon asistans imanitè al jwenn moun ke konfli a afekte e pèmèt moun nan Soudan reyini ak fanmi yo.

Tou le 2 gwoup millitè ki ap batay pou kontwòl Soudan an fè konnen yo fè kèk avans lendi, kote bilan moun ki mouri nan vyolans la depase 180, pandan gen apèl ki soti Washington ak nan divès kapital ak òganizasyon entènasyonal toupatou nan mond la pou mande yon sese-fe touswit.

XS
SM
MD
LG