Accessibility links

Breaking News

Inyon Ewòp la Ajoute Gwoup Wagner a Sou Lis Sanksyon


FILE - Yevgeny Prigozhin, founder of Russia's Wagner mercenary force, speaks in Paraskoviivka, Ukraine in this still image from an undated video released on March 3, 2023.
FILE - Yevgeny Prigozhin, founder of Russia's Wagner mercenary force, speaks in Paraskoviivka, Ukraine in this still image from an undated video released on March 3, 2023.

Inyon Ewòp la ajoute jedi Gwoup Wagner LaRisi a sou lis sanksyon-li poutèt li « patisipe aktivman nan lagè LaRisi nan Ikrèn nan. »

Li mete sanksyon sou gwoup la tou pou « aksyon ki minen oubyen menase respè pou teritwa, souverènte ak endepandans Ikrèn. »

Se 2èm fwa Inyon Ewòp la sanksyone Gwoup Wagner a. Inyon an te premye mete sanksyon sou li nan mwa Fevriye pase poutèt li ta vyole dwa moun ann Afrik.

Yon lòt kote, LaChin fè konnen li pa pwal vann zam ak okenn pati nan lagè Ikrèn nan, dapre sa ministè afè etranjè a di jodi vandredi a, kòm repons pou kè-sote loksidan ki te pè pou Peken pa bay LaRisi asistans militè.

LaChin kenbe ke li li pa pran pati nan konfli a, men li apiye LaRisi politikman, epi nan pawòl ak nan ekonomi pandan nasyon loksidan yo enpoze sanksyon sou Moskou pou lagè Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG