Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Ris Mande Wikipedia pou l Peye Amann pou yon Atik li sou Lagè Ikrèn nan


RUSSIA-INTERNET-WIKIPEDIA
RUSSIA-INTERNET-WIKIPEDIA

Yon tribinal nan Moskou mande Wikipedia pou peye amann daprezavwa li pat retire yon atik nan lang Ris sou envazyon Larisi a nan Ikrèn.

Aksyon sa fè pati dènye seri efò gouvènman Ris la pou fèmen bouch tout moun ki bay opinyon kritik sou lagè a epi pou anpeche piblik Ris la jwenn enfòmasyon sa yo san restriksyon.

Tribinal la mande Wikimedia Foundation, yon òganizasyon ki pa travay pou fè benefis, ki jere Wikipedia, yon ansiklopedi sou entènèt, pou l peye 2 milyon woub, ki vo $ 24,464 ameriken, daprezavwa li pat retire yon atik ki gen tit "Okipasyon Ris nan rejyon Zaporizhzhia."

Sa konsène youn nan kat rejyon nan Ukrèn ke Larisi te anekse nan mwa septanm pase. Anpil peyi te deklare aneksyon an ilegal.

Prezidan Ris Vladimir Putin lage plis koukou-wouj dèyè tout pawòl ki pa koresponn ak opinyon gouvènman li a oubyen ak jan gouvènman an rakonte evènman yo.

XS
SM
MD
LG