Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Minis Zafè Etranje Alman an di Peken Dwe Mande Moskou pou "Sispann Lagè a"


German Foreign Minister Annalena Baerbock visits China
German Foreign Minister Annalena Baerbock visits China

Minis Zafè Etranje Alman an Annalena Baerbock deklare Vandredi ke "Pa gen lòt peyi ki gen plis enfliyans sou Larisi pase Lachin," e li lanse apel bò kote Peken pou li ekzòte "Ris yo pou yo sispann lagè a".

Nan yon konferans pou laprès nan Peken ansanm ak tokay Chinwa li Qin Gang, minis la kontinye pou l di "Mwen ouvètman ap poze kesyon sila poukisa jiskaprezan pozisyon Lachin pa gen ladann pou mande agresè a Larisi pou sispann lagè a".

Dapre Madam Baerbock, dènye vizit Prezidan Chinwa Xi Jinping nan Moskou a te montre, "ke pa gen okenn lòt peyi ki gen plis enfliyans sou Larisi pase Lachin e desizyon Lachin pran pou sèvi ak enfliyans sa a afekte dirèkteman enterè esansyèl Ewòp".

Apre reyinyon sa a, Peken te anonse ke Minis defans Li Shangfu ap vizite Larisi dimanch, pou jiska 19 avril.

Vizit Annalena Baerbock fèt yon semèn apre prezidan fransè Emmanuel Macron ak prezidan Komisyon Ewopeyen an, Ursula von der Leyen, te mande Peken tou pou l jwe yon wòl pou retabli lapè nan Ikrèn.

Nan semèn ki sot pase yo, presyon entènasyonal te ogmante pou pouse Lachin entèvni e mande Larisi pou al chita bò tab negosyasyon an.

XS
SM
MD
LG