Accessibility links

Breaking News

Ikrèn : Konbatan Wagner yo Kouri Dèyè Twoup Ikrenyen yo nan Vil Backmout


This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.
This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.

Ministè defans LaRisi di jodi jedi a fòs mèsenè Wagner yo t ap mete presyon ak “gwo operasyon konba chofe” pou mete fòs Ikrèn yo deyò nan pati santral vil Bakhmut.

Pòtpawòl Ministè defans ris Igor Konashenkov fè konnen twoup anlè, avyasyon taktik, twoup ki gen misil, ansanm ak pyès kanno te patisipe nan ofansiv la, kote yo bloke transfè rezèvis ki ta pwal jwenn sòlda Ikrèn nan vil la e an manm tan anpeche yo kite vil la.

“Pèt total lènmi an nan direksyon Donetsk nan 24 è ki pase yo rive nan jiska 300 sòlda,” pou repete Konashenkov.

Ajans nouvèl Reuters pa jwenn sous endepandan ki ka konfime chif ke ministè defans ris la bay sou kantite viktim nan liy batay yo.

Batay pou Bakhmut la se youn ki fè plis san koule nan lagè a ki deja dire 13 mwa, sa ki atire konparezon ak Premye Gè Mondyal la, pou kantite moun ki tonbe nan tou le 2 kan yo.

LaRisi di si li pran Bakhmut, sa pwal ouvè posiblite pou lòt ofansiv nan Ikrèn, tandiske Kyèv ak loksidan di vil la ki fin kraze plat atè gen sèlman yon enpòtans senbolik.

Yon lòt kote, Seoul repete desizyon li pou li pa voye bay Kyèv zam ki ka touye moun, apre fwit dokiman nan Pentagòn ki, dapre nouvèl yo, moutre gwo zotobre nan Kore di Sid ki ap fè deba pou konnen si yo dwe vann Etazini pyès kanno, paske yo pè pou minisyon yo pa al abouti nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG