Accessibility links

Breaking News

'Kouzen Joe' Biden Resevwa yon Akèy Chalere nan Irland, Fè Blag ke Li Taka Tou Rete nan Peyi a


Moun kanpe sou 2 bo lari a pou we Prezidan Joe Biden nan vil Dundalk, Irland, 12 Avril 2023.
Moun kanpe sou 2 bo lari a pou we Prezidan Joe Biden nan vil Dundalk, Irland, 12 Avril 2023.

Prezidan Joe Biden, ki nan peyi Irland semèn sa a, resevwa yon akèy chalere - kote moun kanpe sou 2 bo lari a pou wè misye.

Foto Biden kap souri kole sou fenèt plizyè magazen.

Gen yon fanatik ki kenbe yon pankat ki di: "2024 - Fè Joe Tounen Prezidan Anko".

Kidonk li pa etonan ke prezidan an fè plizyè blag pou di li taka tou rete nan peyi a.

Ozetazini menm, gen plis Ameriken ki pa dako ak pèfomans Biden an jeneral pase kantite ki dako. E kèk Demokrat sigjere Biden pata dwe poze kandidati li a la prezidans anko.

Lè li vwayaje Ozetazini, se yon ti gwoup admiratè sèlman ki konn rasanble pou akeyi l epi salye l pandan lap pwononse diskou.

Sepandan akèy sa a pa konpare ditou ak pakèt adorasyon Biden resevwa nan peyi kote zansèt li yo te pran nesans.

XS
SM
MD
LG