Accessibility links

Breaking News

Lula Brezil Vizite Lachin, Pou Ranfòs Lyen Peyi ak Peke ak Tou Chèche Sipò Pou Retabli Lapè nan Ikrèn


BRASIL-LULA-CHINA
BRASIL-LULA-CHINA

RIO DE JANEIRO (AP) — Prezidan brezilyen Luiz Inácio Lula da Silva pwale nan peyi Lachin pou ranfòse relasyon ak pi gwo patnè komès nasyon li an genyen an epi pou chèche sipò pou fè lapè tounen nan Ikrèn.

Lula vle pou Brezil, Lachin ak lòt nasyon ede jwe wòl medyatè nan lagè a, men sa li te pwopoze sou konfli a te fè Ikrèn ak kèk peyi nan Lwès la fache.

Sa ki p ap soulve menm pawòl anpil la se enterè tou lè 2 pati pou yo fè komès apre yon move peryòd sou prezidan ki te la anvan Lula a.

Dapre gouvènman brezilyen an, Lachin ak Brezil espere siyen omwen 20 akò pandan 2 jou ke Lula ap fè nan peyi a.

Lula gen plan vizite Shanghai ak Peken, epi rankontre ak tokay li, Xi Jinping, nan Vandredi.

XS
SM
MD
LG