Accessibility links

Breaking News

Etazini, Filipin ap Fè Pi Gwo Egzèsis Lagè Toupre Dlo ki an Diskisyon


PHILIPPINES-USA/DEFENCE
PHILIPPINES-USA/DEFENCE

MANILA, Filipin (AP) — Fòs Ameriken ak Filipin lanse pi gwo egzèsis konba ansanm nan dlo Filipin anfas Lanmè Sid Lachin nan ak Detwa Taiwan nan, kote Washington te avèti Lachin pou aksyon li ki ap vin pi agresif.

Egzèsis sa yo ki fèt chak ane, ki rele Balikatan pral kontinye jouk rive 28 avril e ap dewoule ak patisipasyon plis pase 17,600 sòlda.

Se yon fason pou Etazini ekspoze pisans zam li nan rejyon Azi a, pandan administrasyon Biden nan ap travay pou ranfòse yon seri alyans pou kapab kontrekare pi byen Lachin.

Pandanstan, sekretè afè etranje ak defans Filipin yo pral rankontre tokay Ameriken yo nan Washington pou diskite sou prezans militè Ameriken an ak sou lide pou 2 peyi yo fè patwouy lamarin ansanm.

Lachin te lanse avètisman kont deplwaman Etazini nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG