Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Idaho siyen yo lwa sou "trafik avòtman"


FILE - Idaho Gov. Brad Little talks to reporters at the State Capitol building in Boise, Idaho, Jan. 3, 2020.
FILE - Idaho Gov. Brad Little talks to reporters at the State Capitol building in Boise, Idaho, Jan. 3, 2020.

BOISE, Idaho (AP) — Gouvènè eta Idaho, Brad Little, siyen yon lwa ki fè li ilegal pou yon granmoun ede yon minè al fè avòtman san konsantman paran yo.

Se premye fwa gen yon lwa konsa Ozetazini ki anpeche yon granmoun ede yon minè jwenn grenn pou jete pitit, oswa transpòte minè ansent lan” pou al fè avòtman san konsantman paran minè a oswa gadyen li.

Nenpòt moun ki jwenn kondanasyon deske li vyole lwa sila pral fè fas ak 2 a 5 ane nan prizon epi paran oswa gadyen minè a ta ka rele moun sa lajistis tou.

Kèk moun ki kont lwa a pwomèt pou yo konteste li nan tribinal.

XS
SM
MD
LG