Accessibility links

Breaking News

Larisi Rejte Deklarasyon Etazini Fè pou Di Prezidans li nan Konsèy Sekirite LONU an se yon 'Blag'


Foto Achiv: Vassily Nebenzia, reprezantan pemanan Larisi devan Nasyonzini, pran lapawol pandan yon rankont Konsey Sekirite LONU, 29 Mas, 2022.
Foto Achiv: Vassily Nebenzia, reprezantan pemanan Larisi devan Nasyonzini, pran lapawol pandan yon rankont Konsey Sekirite LONU, 29 Mas, 2022.

Anbasadè Larisi nan Nasyonzini voye jete deklarasyon Etazini ak Inyon Ewopeyen an fè pou di prezidans li nan Konsèy Sekirite a mwa sa a se yon "pwason d Avril."

Vassily Nebenzia di Larisi ap yon "ajan onèt."

Misye te pran lapawòl Lendi pandan yon konferans pou laprès nan Nouyòk kote li te anonse yon rankont ke Minis Afè Etranje Ris la, Sergey Lavrov pral dirije, kote yo va diskite sou defans prensip ki nan Chart LONU an. Anpil manm LONU akize Moskou dèske li vyole chart sa a lè li anvayi Ikrèn.

Anbasadris Etazini, Linda Thomas Greenfield deklare Etazini atann ni aske Larisi ap pwofite syèj lidèship sa a pou "pwopaje dezenfòmasyon epi pwomouvwa pwòp ajènda pa li pa rapò ak Ikrèn." Anbasadris la ajoute: "Etazini pare pou kritike yo chak fwa yo eseye fè sa."

Prezidans Konsèy Sekirite a chanje chak mwa pami 15 manm Konsèy la - e wotasyon an fèt nan lòd alfabetik.

Pami rankont konsèy la oblije fè chak mwa nou jwenn diskisyon sou Mwayèn Oryan an ke Lavrov va prezide, Lasiri ak lòt peyi kote ki gen dezòd tankou Mali, Libi, Yemen, Ayiti, rejyon Gran Lak Afrik yo epi Kolonbi.

XS
SM
MD
LG