Accessibility links

Breaking News

Biden Mande konpayi Teknoloji yo Pou Yo Asire Pwodwi yo an sekirite


President Joe Biden attends a meeting with the President's Council of Advisors on Science and Technology in the State Dining Room of the White House, April 4, 2023, in Washington.
President Joe Biden attends a meeting with the President's Council of Advisors on Science and Technology in the State Dining Room of the White House, April 4, 2023, in Washington.

WASHINGTON (AP) — Prezidan Joe Biden deklare li rete pou nou wè si entèlijans atifisyèl danjere pou sosyete a.

Men li di konpayi teknoloji yo gen responsablite pou asire ke pwodwi yo san danje anvan yo devwale yo bay piblik la.

Biden te rankontre Madi ak gwoup konseye li pou syans ak teknoloji sou risk ak opòtinite ke avansman rapid entèlijans atifisyèl pote pou moun ki ap sèvi ak li ak pou sekirite nasyonal la.

Entèlijans atifisyèl se youn nan sijè ke moun plis fè deba sou yo nan peyi a nan mwa sa yo apre konpayi Open AI te ofri piblik la chatbot ChatGPT AI ki se yon entèlijans atifisyèl ke anpil moun renmen.

Sa te pwovoke yon mache prese nan mitan lòt gwo konpayi teknoloji AI yo pou kouri mete zouti teknoloji pa yo deyò, pandan gen gwo kè sote kòmkwa teknoloji a ap prezante kèk pawòl oubyen imaj ke sosyete a ka pran pou travay moun.

XS
SM
MD
LG