Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo Ranpòte yon Viktwa Kle nan Kous Elektoral Eta Wisconsin nan


Kandida pou Kou Siprem eta Wisconsin ke Demokrat yo apiye Janet Protasiewicz pale pandan yon deba politik 21 Mas, 2023 nan vil Madison, eta Wisconsin.
Kandida pou Kou Siprem eta Wisconsin ke Demokrat yo apiye Janet Protasiewicz pale pandan yon deba politik 21 Mas, 2023 nan vil Madison, eta Wisconsin.

Yon jij kap travay nan vil Milwaukee ke Demokrat yo apiye, ranpòte yon eleksyon sere sere pou pòs Jij Kou Siprèm nan. Viktwa sa a asire ke liberal yo pral gen majorite a nan Kou Siprèm eta a pou premye fwa depi 15 zan.

Se yon bagay ki gen anpil siyifikasyon nan moman palmantè yo pwopoze po uyo entèdi avòtman.

Jij Janet Protasiewicz ranpote la viktwa ou ansyen jij Dan Kelly, ki te konn travay pou pati Repibliken an e ki te gen sipò gwoup anti-avotman eta Wisconsin yo.

Nou Kou Siprèm nan gen 4 jij liberal ak 3 jij konsèvatè. Li gen pou l konsidere yon pwosè ki defye lwa eta a te adopte an 1849 pou entèdi avòtman.

Protasiewicz te fè kestyon sila a tounen yon pwen santral kanapy li e li te ranpòte apui gwoup Planned Parenthood la ak lòt gwoup ki an favè avòtman anvan li te ranpòte la viktwa nan eleksyon Madi a.

XS
SM
MD
LG