Accessibility links

Breaking News

Lame Ameriken Fè Konnen Yon Gwo Kòmandan Eta Islamik la Mouri nan La Siri


Congress Syria

BEIRUT (AP) — Lame Etazini fè konnen yon atak ak dron nan nòdwès Siri touye yon gwo kòmandan gwoup Eta Islamik la ki te responsab pou planifikasyon atak ann Ewòp.

Nonm sa ki te mouri lendi, dapre yon deklarasyon militè ameriken, rele Khalid Aydd Ahmad al-Jbouri.

Responsab militè ameriken yo ajoute ke lanmò kòmandan an "pral tanporèman deranje kapasite òganizasyon teworis la pou planifye atak ekstèn."

Atak sila fè pati yon seri atak ki fèt pandan ane ki sot pase yo kote yo te vize militan ki gen rapò ak Al-Qaida ak manm gwoup Eta Islamik la nan nòdwès Siri.

XS
SM
MD
LG