Accessibility links

Breaking News

Kèk Manm Kongrè Defann TikTok


The TikTok logo is seen on a mobile phone in front of a computer screen which displays the TikTok home screen, March 18, 2023, in Boston.
The TikTok logo is seen on a mobile phone in front of a computer screen which displays the TikTok home screen, March 18, 2023, in Boston.

WASHINGTON (AP) — Plis pase de douzèn Demokrat nan Kongrè Etazini an ki itilize TikTok kounye a ap fè fas ak kesyon pou konnen si yo pral kontinye sèvi ak li.

Anpil moun ap defann prezans yo sou platfòm la, yo di yo gen yon responsablite antanke otorite piblik pou yo rankontre elektè ke yo ka jwenn sèlman sou Tiktok.

Men, palmantè ki aktif sou TikTok yo an minorite. Pifò manm Kongrè a anfavè lide pou yo mete yon limit sou aplikasyon an, fòse mèt li vann li yon fason pou retire koneksyon li ak Peken oswa menm entèdi li nan tout peyi a kareman.

Avètisman pou entèdi TikTok soti tou bien fò nan administrasyon Prezidan Joe Biden nan.

XS
SM
MD
LG