Accessibility links

Breaking News

Brezil Devwale Twofe Mondyal Foutbòl Feminen an

De goch a dwat: Minis Spo Ana Moser, premye dam Rosangela Silva, Prezidan Brezilyen Luiz Inacio Lula da Silva ak Prezidan Konfederasyon Foutbol Brezilyen an Ednaldo Rodrigues pandan devwalman twofe Mondyal la, 30 Mas, 2023.

Yo devwale jodi Jedi a nan peyi Brezil, twofe Mondyal Feminen 2023 FIFA a.

Evenman piblik la ki dewoule nan pye estati Jezi Sovè vil Rio de Janerio a, te enkli foutbolèz lejandè Brezilyèn Formiga, Aline Pellegrino epi antrenè seleksyon nasyonal feminen Brezil la, Pia Sundhage.

Sundhage di devwalman twofe a se "yon bagay espesyal."

Twofe Mondyal la pral fè vire won mond lan. Vire won an tanmen 25 Fevriye o Japon, e li pral fè yon pase nan tou le 32 peyi ki pral patisipe nan Mondyal Foutbòl Feminen an.

XS
SM
MD
LG