Accessibility links

Breaking News

Adidas Pa Patnè nan Biznis ak Beyonce Ankò


65th Annual Grammy Awards in Los Angeles
65th Annual Grammy Awards in Los Angeles

Wall Street Journal rapòte Madi 28 mas la ke Adidas mete fen nan asosyasyon li kòm patnè ak Beyoncé nan afè mòd.

Jeyan espò a te siyen kontra an 2019 ak chantèz pop star ameriken an pou relanse Ivy Park ki se mak Beyoncé.

Men, jounal la rapòte mak Ivy Park la pa rapòte mezi lajan ke Adidas te espère a, depi dèz ane.

Konpayi Alman an te mete fen tou ane pase nan kolaborasyon li te genyen ak Kanye West apre mizisyen an te di pawòl ki antre nan santiman anti-Jwif.

Nan koumansman mwa sa a, Adidas te avèti separasyon li ak West e ak mak soulye Yeezy li yo, sa ki kapab lakoz pi gwo pèt konpayi an anrejistre pou yon lane, e pi gwo pèt li depi 3 dizèn lane.

XS
SM
MD
LG