Accessibility links

Breaking News

Adidas Pa Konn Sa pou li Fè ak Soulye Yeezy Apre Separasyon li ak Kanye West


Ye Adidas
Ye Adidas

FRANKFURT, Almay (AP) — Adidas kontinye ap lite pou jwenn fason pou l debarase li ak yon kantite soulye Yeezy ki rete nan men l pou yon valè $ 1.3 milya apre separasyon li ak rapè Ye ke anpil moun konnen sou non Kanye West.

Separasyon sa te fòse mak espòtif Alman an fè yon gwo pèt nan finisman ane pase a, e yo ap tann plis pèt toujou.

PDG konpayi an di mèkredi a ke si yo vann soulye sa ke anpil moun renmen, fòk yo ta peye Ye pati pa li.

Li di si li detwi yo, sa ap soulve kesyon sou “pwoteksyon anviwònman an” pandan ke si li refè yo pou vann, se pa yon aksyon ki “ap tèlman onèt.”

Si konpayi an fè kado yo, mak soulye a pwal reparèt ankò deyò a, “kidonk yo pa gen chwa sa a”.

Separasyon an te lakoz konpayi an fè yon defisi ki rive, apre tout kalkil, 513 milyon ero nan 4èm trimès ane pase.

XS
SM
MD
LG