Accessibility links

Breaking News

Nijerya: Pwogram Re-abilitasyon pou Ansyen Konbatan Boko Haram ap Febli Pouvwa Gwoup la


NIGERIA-SECURITY/
NIGERIA-SECURITY/

Otorite nan peyi Nijerya fè konnen yon pwogram re-abilitasyon pou ansyen konbatan Boko Haram yo ap ede febli pouvwa gwoup la pou li batay kont peyi a.

Preske 600 konbatan gradye nan pwogram nan pandan wikenn nan e yo prezante eskiz pou zak ke yo te komèt. Otorite yo fè konnen ansyen konbatan sa yo pwal repran plas yo nan sosyete a, men gen ekspè ki avèti ke yo ka retounen nan sa yo te konn fè yo.

Ansyen konbatan Boko Haram yo ki te abiye an blan te pale ansanm kote yo te repete yon sèman pou yo sèvi Nijerya, nan yon seremoni gradyasyon samdi a. Seremoni sa a te dewoule nan yon kan pou wete lide radikal nan lespri yo, pou Re-abillite-yo e Re-entegre-yo. Kan an tabli nan eta Gombe.

Se dènye seri konbatan ki ak pwòp volonte yo kite kan Boko Haram e antre nan pwogram nan ki rele Operasyon Kòridò Sekirite, kote yo jwenn pandan 6 mwa reyabilitasyon fizik, mantal ak psikolojik. Pwogram nan te tanmen an Jiyè 2016.

XS
SM
MD
LG