Accessibility links

Breaking News

Ghana: Kamala Harris Rankontre ak Prezidan Nana Akufo-Addo


Harris Ghana
Harris Ghana

Nan Ghana jodi lendi a, Vis-Prezidan Etazini Kamala Harris rankontre ak Prezidan Nana Akufo-Addo. 2 lidè yo ka pale sou yon pakèt sijè, pami yo stabilite ekonomik, ak stabilite nan rejyon an, e li ka pale apre sa ak jounalis.

Vis-prezidan an ka gen nan pwogram li pou vizite, jodi lendi a, Vibrate Space, yon estidyo anrejistreman kominotè pou jèn atis nan kapital la Accra. Aktè Idris Elba ak Sheryl Lee Ralph pwal akonpaye Harris nan vizit li nan enstalasyon an kote yo pwal rankontre ak mizisyen ak atis. Vibrate tabli nan Freedom Skatepark, premye pak pou patinaj ki ap fonksyone kòmsadwa nan peyi a.

Apre sa menm jounen lendi a, Prezidan Akufo-Addo ak premyè dam Rebecca Akufo Addo pwal òganize yon bankè pou Harris ak mari li Doug Emhoff. Nan bankè a, pwal gen apeprè 300 envite, pami yo kèk manm Diaspora afriken an nan Etazini.

Demen madi a, Vis-Prezidan Harris pwal pale nan Chato Cape Coast, yon lye kote yo te anbake Afriken ke yo te mete nan esklavaj pou ekspedye yo nan Amerik yo, yon moman ki pa agreyab nan istwa 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG