Accessibility links

Breaking News

Zelensky Mande Peyi ann Ewòp yo Misil ak Avyon Konba


FILE PHOTO: Ukraine's President Zelensky speaks with German Chancellor Scholz via phone line in Kyiv
FILE PHOTO: Ukraine's President Zelensky speaks with German Chancellor Scholz via phone line in Kyiv

Nan yon diskou sou videyo konferans ke li fè nan yon tren, Prezidan Ikrenyen Vladimir Zelensky pale ak lidè Ewopeyen ki te rasanble pou yon somè nan Briksèl.

Li di yo mèsi pou èd militè yo men li avèti ke reta ki genyen nan livrezon misil ki tire lwen ak avyon konba ke li te mande yo, riske pwolonje lagè a.

Zelensky di "Pandan ke chak èdtan sou chan batay la konte, deja gen yon gwo reta nan transfè misil ki ka tire lwen yo nan Ikrèn.

Reta sila pa ede yo repouse teworis Ris yo, sitou nan Kherson, Zaporizhia ak lòt vil nou ke misil Ris ki tire lwen toujou ap bonbade."

XS
SM
MD
LG